top of page
Rechercher

POUKISA OU DWE KREYE MAK OUBYEN ANTREPRIZ OU ANTANKE FREE-LANCER? KI AVANTAJ OU AP JWENN NAN SA?

  • Photo du rédacteur: GraphartDesign
    GraphartDesign
  • 27 avr. 2021
  • 5 min de lecture

Travay ak tet ou pa foseman vle di ou pral kominike avek pwop non ou. Lè ou kreye pwop mak ou antanke free-lance (indépendant) genyen anpil avantaj ladan ki pral pèmèt ou fè moun wè pwop style ou. Nan atik sa, mwen pral bay ou kek bon rezon ki fè ou dwe panse kreye pwop mak ou. Anpil nan yo baze sou eksperyans mwen avek GRAPHART DESIGN AGENCY.

Kreye mak ou genyen anpil avantaj vre :


1- Branding freelance


An pratik, li posib pou ou kreye yon mak ki gen yon non ki diferan de non pèsonèl ou peu importe fòm jiridik ou ap adopte an pou aktivite ou yo antanke free-lancer. Menm si ou ap bwase nan aktivite an SASU ( Sa vle di li genyen yon pesonalite moral ) oubyen antanke yon entrepreneur individuel (EI oubyen EIRL), pa gen anyen ki anpeche ou kreye yon antrepriz ki genyen pwop non li.


Menm si tout moun relem Graphity depi lè m te jèn gason, antrepriz mwen an pa oblije rele konsa. Mwen fonde GRAPHART DESIGN AGENCY nan yon vizyon pou li reprezante tet li antanke antrepriz, men li pa reprezante m !


2- Yon mak pi rasiran pase yon senp non yon


Yonn nan premye rezon wap jwenn yo di ou ki fè ou ka kreye pwop mak ou, se posibilite li bay ou pou benefisye de yon pi bon imaj epi pou ou enstore yon relasyon konfyans avek kliyantel ou an. Le ou kreye yon mak pou aktivite ou an (tankou GRAPHART DESIGN AGENCY olye de NELSON Ernsly), se pwofesyonalis ou li pèmèt ou afiche pi byen. Kreye yon mak pou aktivite ou an ap pèmèt ou fè fas kare ak lide ke yon freelancer se yon amatè ki pap travay nan plen tan epi ki toujou nan vakans...


Lè ou kreye yon mak (oubyen yon antrepriz) pou aktivite pwofesyonel ou ou afiche karaktè pwofesyonel ou. Ou pap senpleman travay antanke free-lance, men ou monte yon antrepriz.


Pou kliyan ou yo, sa vle di anpil bagay. Yo santi yo pa an afè ak yon genyen travayè izole men se ak yon antrepriz ke ou menm ou kreye.


Nan sans sa, yon mak ap bay ou plis kredibilite devan kliyan ou yo.


Pèsonèlman, mwen genyen plis kliyan depi le mwen transfome aktivite mwen an an antrepriz, mwen chanje GRAPHART DESIGN an GRAPHART DESIGN AGENCY epi mwen ogmante konpetans yo. Mwen ajoute moun nan plizyè lot domaine ke mwen menm m pa metrize, tankou kreyasyon website, desine ti komik, oubyen menm pou jere paj rezo sosyo yo.


3- Yon mak se yon istwa ou ap rakonte


Li souvan difisil pou ou pale de tet ou. Men yon mak ap bay ou posibilite pou ou mete an valè sengilarite apwoch ou an atravè Branding ou an.


Non ou pral gen pou ou chwazi pou mak lan epi idantite ou pral genyen pou ou bati a (Sitou idantite vizyel ou), se yo menm ki pral reflete vizyon ak konsèp ou yo. Pa egzanp, non GRAPHART lan deja evoke sou ki pilye travay mwen an baze, ajoute DESIGN ladan vin presize domèn map evolye an epi melanje AGENCY ladan (ki siyifi ajans an kreyol) vin bay aktivite mwen an yon lot dimansyon.


Ou pral genyen pou enpoze pwop style ou epi mete pwop pèsonalite ou nan mak lan, paske se yon mak ki pral genyen evoke valè ou genyen lakay ou yo.


Pa egzanp, mwen se yon moun ki renmen ede, mwen renmen pataje konesans mwen e sitou m kwè nan lide a moun, m kwè nan moun. Se gras a valè sa yo ki fe ou kapab li atik sa jodia, mwen pataje sa m konnen avek ou. Se gras a kwayans mwen nan moun ak lide moun ki fè slogan ajans lan se YOU THINK, WE DESIGN. Epi tout pwen marketing mwen yo toujou baze sou gran pwen sa yo : NOU ANVI EDE OU, NOU KWÈ NAN LIDE OU YO, GRAPHART SE YON PWOMES.


Se konsa pwop mak ou an pral pèmèt fè yon gwo diferans pandan wap kreye yon « storytelling » ki ka kominike ak kliyan sib ou yo.


4- Kreye yon mak ap bay ou opotinite pou ou travay an kolaborasyon ak plizyè lot moun.


Jodia ou deside travay an solo, ou menm selman. Men koman ou imajine demen nan 5 oubyen 10 lot ane ankò ? Si aktivite ou an ap byen mache, pi devan ou pral gen bezwen pou ou delege kek nan travay ou yo, oubyen asosye ou ak kek lot konpetans pou ou kapab satisfè nouvo kliyan ou yo.


Le ou kreye mak ou, ou gentan pwojte tet ou antanke patwon pwop antrepriz ou r ou deja antisipe sou lide pou ou ajoute kek nouvo asosye. Kreye pwop mak ou bay ou posibilite pou ou poze baz a yon aktivite kote se pa selman ou menm ki pral goumen fè tout bagay !


Pa egzanp ; Mwen te ap fonksyone mwen menm selman nan GRAPHART Design pandan plizyè ane. Depi le mwen pran desizyon konveti aktivite mwen yo sou non yon ajans ki se GRAPHART Design Agency, mwen genyen plis ke 4 lot moun ki ansanm avem e yo chak spesyalis nan domèn pa yo.



5- Li pi fasil pou ou pwomete yon mak (sitou sou rezo sosyo yo)


Pi bon zouti pou ou pwomote mak ou an se website ou an. Pa gen dout sou sa. Se yon vitrin li ye pou antrepriz ou an. Se ou menm ki pral gen obligasyon pou ou tire pwofi de espas piblisite sa pou konveti potansyel kliyan ou yo an kliyan garanti.

Fè piblisite online se chèche èd antouraj ou (fanmiy ak zanmi) epi chèche solisite rezo pwofesyonel ou an.


Si ou gade byen, mande moun ki nan ou yo pou yo ka fè piblisite pou ou antanke yon moun, sa paret yon ti jan riske. Yon ti jan biza. Li ap pi fasil pou yo fè rekomandasyon yon mak plis pase yon moun.


Imajine 2 senaryo sa yo : « Pou tout bezwen nou nan dizay, map envite nou kontakte Ernsly, misye fò anpil me nimewo li 3612-5724 »Oubyen « Pou tout bezwen ou nan dizay, map envite ou kontakte ajans GRAPHART Design nan nimewo sa 4273-0353, yo genyen yon ekip polivalan ki kapab ede ou nan plizyè domèn ».


Kiyes nan yo 2 a ou santi ki ap atire plis atansyon?


6- Yon mak gen posibilite pou li afiche menm nan mond fizik la, pa selman sou internet.


Nan mond reyel oubyen mond fizik la, sipò papye ap ede ou afiche idantite vizyel ou sou anpil sipò ou ap itilize chak jou. Tankou kart kontak (kat vizit, kat biznis), papye lèt ak antèt nan yo, anvlop, kaye, katab. Ou ka enprime logo ou sou tout sipò sa yo epi itilize yo antanke objè kominikasyon.


Eseye panse a « goodies » yo. Se yon seri de objè piblisite ou ka itilize pou ou kominike sou mak ou an lè ou pèsonalize yo, tankou bik, kreyon, kle usb, tas kafe, ti kaye nòt, plen lot ankò.

Ou ka ofri kliyan ou yo ti kado sa yo pou ou fidelize kliyan yo.


An atandan pwochen piblikasyon nou, pa ezite kontakte nou sou whatsapp nan +509.3612.5724 pou nou kapab ede ou nan biznis ou si tout fwa ou pa genyen tan pou sa. Si ou anvi kreye yon mak ki kapab dire.


NELSON ERNSLY,

CEO de l’agence GRAPHART Design Agency.

Graphiste / Photographe professionnel.

Business Manager.

Comments


J'envoie parfois des newsletters

Merci de vous avoir abonné à notre newsletter

© 2022 Designed by NELSON ERNSLY | GRAPHART DESIGN AGENCY

bottom of page