POUKISA LI ENPOTAN POU OU ANGAJE YON DIZAYNÈ PROFESYONEL NAN BIZNIS OU?
- GraphartDesign
- 11 févr. 2021
- 3 min de lecture
Dernière mise à jour : 15 févr. 2021

Aktyèlman, pifo bagay se anliy yo fonksyone. 90% biznis oswa antrepriz aktyelman genyen branch yo sou internet la tou. E siw swiv byen, wap we gen biznis ki fonksyone sou internet selman paske nan peyi devlope yo, li trè fasil pou kliyan an achte tout sal bezwen sou internet san li pa soti lakay li.
Yonn nan mwayen pouw fè biznis ou pran anliy epi resevwa respè ki mache avel lan se kreye vizyel ki apwopriye pou li. E se la dizaynè grafik lan jwe pi gwo wol la.
Avanm kontinye, map envite nou al fè pwòp lide nou. Vizite paj instagram, Twitter oubyen Facebook (menm website) a nenpot gwo konpayi ou konnen kap fonksyone. Kisa nou konstate ? Ann pran egzanp sou Digicel. Wap we pifo sa yap pibliye se bagay ki pwop, byen travay sou odinatè. Toujou menm koulè yo, menm stil ekriti yo. Yo pap lage nenpot teks, e wap toujou we imaj akonpanye yo. À travers sa yap pibliye yo, ou santi yo degaje yon valè pwofesyonel ki few mete nan tet ou ke ou kapab fe yo konfyans ! Ou santi kalite yo siperyè !
Ou santi anpil diferans pa rapò a lot yo kap ofri menm sevis avel !
Tout sa se pouvwa dizay grafik ; dayè depi nan elaborasyon biznis plan ou an, branch grafik la reprezante anviwon 10 a 15% nan plan an. Anpil nan nou neglije sa epi nap fose fe biznis mache !
Ou poko we enpotans li toujou? Byen !
Ann fokis sou elaborasyon yon biznis plan.
Business Plan se yon plan ou etabli davans avan menm ou lanse biznis lan konkrètman, de A jiska Z (ou ka sote kek ti O P Q siw vle ).
Selon spesyalis ki edew preparel ln, ki ka fet plizye fason, men Nan biznis plan sa, wap gen pouw devlope gwo pwen sa yo :
1. LIDE SOU NON AN 2. SIB OU VIZE AN 3. PLANIFIKASYON 4. MAKETIN 5. BIZNIS 6. PRODWI AK SEVIS 7. BRANDING (Imaj De Mak) 8. FINALIS 9. ANALIZ
Se pati grafik dizay lan ki pral edew devlope MAKETIN ak BRANDING lan !
Nan BRANDING Lan wap gen pouw : 1. DESIDE SOU KOULE BIZNIS LAN 2. KREYE YON LOGO 3. KREYE YON SLOGAN 4. PREPARE KAT KONTAK 5. PREPARE KOUVETI PRODWI YO 6. EKSETERA ERA
Nan MAKETING lan, ak grafik dizay lan wap gen pouw : 1. KREYE YON WEBSITE 2. KREYE PAJ REZO SOSYO 3. KREYE YON SIYATI ELEKTRONIK 4. FÈ FOTO PRODWI OUBYEN SÈVIS WAP OFRI YO. 5. EKSETERA ERA PIRED
Siw toujou panse ou pa bezwen konpetans yon dizaynè pouw devlope biznis ou an, re-reflechi sou sa :
1. Wap bezwen yon dizaynè nan biznis ou pouw kreye logo biznis ou. 2. Pouw pibliye yon anons sou internet oubyen nan televizyon (wi, sa posib, m fèl deja). 3. Pouw poste vizyel sou paj rezo sosyo ou yo. 4. Pouw fè anons rekritman. 5. Pouw fè flyers (affiches, an fransè). 6. Pouw fè brochure oubyen dépliants pou antrepriz lan. 7. Pou ou kreye Menu pou restoran ou. 8. Pou ou kreye imaj mak ou (sa nou rele branding lan). 9. Pouw kapab fè yon marketing online efikasman.
Mwen te ka palew de plizyè lot bagay ki fè yon DIZAYNÈ PWOFESYONEL enpòtan anpil pou bon fonksyònman biznis ou. Men m kwè ou gentan konprann !
Nan yon lòt atik, map pale nou de sa ki rele BRANDING PERSONNEL lan ak avantaj li genyen pou moun lan.
Siw bezwen kreye vizyèl ak kontni pou paj rezo sosyo a antrepriz ou. Siw bezwen prepare yon plan marketing online epi egzekitel byen.
Kontakte GRAPHART DESIGN | BRANDING et e-MARKETING | Whatsapp nou nan +509.3612.5724 | 4273-0353
Comentários