KONSÈY SERYE POU OU KAPAB FÈ BIZNIS OU AVANSE 1/15.
- GraphartDesign
- 17 févr. 2021
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 18 févr. 2021
Nou deside pataje 15 gwo konsèy serye sou kòman ou kapab fè antrepriz ou avanse. Sou fason ou kapab devlope biznis lan. Chak jou, pandan 15 jou, nou ap pataje yon konsèy diferan. Konsa ou ap gen ase tan pouw aplike yo grenn pa grenn nan biznis ou e nan lavi ou.
Rantre lajan epi grandi, se kèk nan premye objektif anpil jèn antreprenè fikse lè yo ap lanse yon antrepriz, biznis oubyen yon aktivite kelkonk.

Rive jwenn rezilta sa yo pa yon bagay fasil, se pa konmsi ou tapral itilize maji pouw rive jwenn yo. Sepandan, genyen kèk etap ou kapab swiv pouw arive fè siksè ak antrepriz ou an. Nap baw premye nan 15 konsey sa yo.
1.- Pèsòn poko rich nan travay 6è nan maten pou 10è nan aswè.
Fòk ou byen jere diferan fasèt lavi ou pral genyen antanke chef antrepriz epi kreye tan pou lavi prive ou. Ou dwe byen òganize epi trè metodik nan sa wap fè a paske ou pral pase anpil tan nan antrepriz lan sitou nan premye ane yo. Kidonk, pou ou reyisi nan projè antrepriz ou an, fòk ou renmen sa wap fè a anpil.
Men tou fòk ou òganize epi mete priyorite ou yo nan lòd.
Souvan nou pase anpil tan ap byen ranje, ap pefeksyone yon ti detay ki pa menm genyen enpòtans alòske nou genyen yon pakèt lot bagay ki bon jan enpotan ki ta dwe fèt pito.
Selon [la matrice Eisenhower], men koman ou kapab jere travay ou selon enpòtans ak ijans yo.
Evalye enpòtans ak ijans a chak travay ou genyen epi ;
Komanse regle pou tet ou travay ki ijan epi ki enpotan yo.
Apresa regle sa ki enpòtan yo men ki pa ijan.
Apre bay lòt moun fè travay ki ijan yo men ki pa enpòtan yo.
Epi ou kapab kite sila ki rete yo pou fè an dènye.
Jere imèl ou yo ; yo ka fèw pèdi anpil tan enpotan oubyen pèdi anpil opotinite enpotan si ou pa jere ou yo. Sitou nan moman nan jounen an ou plis prodiktif lan. Pa pèdi tan ou nan konsilte imèl ou chak 5 ou 10 minit, rezève 1 oubyen 2 moman nan jounen an pouw reponn. Pa egzanp nan mitan jounen an oubyen nan finisman jounen an. Epi reponn imèl ki pi ijan yo an premye.
An rezime, pou ou byen devlope antrepriz ou, ou pa bezwen travay dur men ou dwe travay ak entelijans. An anglè yo di « work hard work smart », paske travay dur lan pap gen enpòtans siw p travay ak entelijans.
Comments