KOMAN POU OU KREYE YON KONT INSTAGRAM PWOFESYONEL POU YON ANTREPRIZ ? KI AVANTAJ OU AP JWENN NAN SA?
- GraphartDesign
- 8 avr. 2021
- 4 min de lecture
Nan denye atik mwen an, mwen te pale de enpotans yon kont Instagram genyen pou yon antrepriz avek 6 gwo rezon ki fè ou dwe mete biznis ou an sou instagram.
Atik sa a dedye inikman a kreyasyon kont Instagram pou yon biznis ki ap fonksyone an B2B. (Biznis Pou Biznis)

Genyen plis pase 25 milyon antrepriz ki anrejistre sou Instagram. D’après yon rechech TrackMaven te fè, li reyalize antrepriz yo genyen yon taux d’engagement ki pi wo sou instagram pase sou lot rezo sosyo yo.
Poukisa siksè sa d’après ou ?
Ebyen se tou senpleman paske Instagram bay bay ANPIL GWO avantaj pou antrepriz yo ;
1- li pèmèt ou mete kilti antrepriz ou a an valè.
Anplis jenes nan epok sa renmen rezo sosyo anpil, sitou Instagram.
Moun ki nan laj 24-35 ane yo, yo reprezante plis ke mwatye nan total odyans yo sible pou yo fè piblisite sou instagram.
Apre sa wap jwenn moun ki laj 18-24 ane.
Si ou gen yon antrepriz ki ap evolyan B2B e ou ap chèche rekrite nouvo talan, Instagram ap ede ou jwenn yo.
2- Instagram ede ou eksplwate video ou yo nan yon fason inik.
70% nan achtè B2B yo fè rechech sou sa yo bezwen oubyen sou sa yo pral gen pou yo achte yo nan gade video selman.
Spesyalis nan marketing B2B yo toujou panse fok yo kreye bel video pwofesyonel e ki direk. Men se pa vre ! Antouka li pa obligatwa. Ak yon kont antrepriz sou instagram, ou ka pran plezi ou nan kreye bel ti video amizan e ki ap ajoute yon ti kote otantik nan video ou yo. Sa pap chanje imaj mak ou an, o kontrè li ap apwochew pi plis a odyans ou an.
3- Instagram ap pèmèt ou kreye otantisite mak ou an.
Jounen jodia preske tout piblisite ki ap fet se pou lajan.
Si yon antrepriz vle kreye yon lyen ki pi reyel avek odyans li an, li dwe jere otantisite li. Se yon aspè ki esansyel nan marketing B2B.
Pwofesyonel yo pap senpleman achte yon produit oubyen yon sèvis. Yo vle pou yo kapab konte sou yon patnè oubyen yon ekip pou yo kapab rive jwenn pbjektif yo te vize an. Sa vle di relasyon kliyan an enpotan anpil pou yo pou yo kapab pran yon desizyon.
E se la Instagram jwe wol li an. Yon rezo sosyal tankou Instagram, li bay ou posibilite pou ou imanize metod kominikasyon ou yo, li pèmèt ou enstowe konfyans ant ou menm avek kliyantel ou an epi li bay ou posibilite pou ou fè gwo diferans pou tet ou pa rapo a lot antrepriz yo.
4- Instagram pèmèt ou amelyore vizibilite lokal antrepriz ou an.
Peu importe gwosè antrepriz lan, li enpotan anpil pou ou fè diferans lan nan zòn kote antrepriz lan trouvel la.
Si ou Okap, ou pa ka ap travay pou moun Potoprens konnen ou aloske moun okap poko jwenn satisfaksyon nan men ou. Se pou sa Instagram bay ou posibilite pou ou « géolocaliser » piblikasyon ou yo.
Etandone anpil nan konsomatè yo, menm pami pwofesyonel yo tou, yo prefere travay epi achte nan men antrepriz lokal yo, Instagram bay ou posibilite pou ou ogmante popilarite ak renome ou nan zòn ou an.
Konnya ou konnen tout avantaj instagram ka ofri antrepriz ou an, kontinye lekti an pou nou montrew Koman pou ou kreye yon kont pwofesyonel pou antrepriz sou Instagram nan selman 3 etap.
Men avan komanse, sonje kreye yon adress e-mail pou antrepriz ou an. Ou pral bezwenl nan enskripsyon an.
Etap 1. Telechaje aplikasyon Instagram lan sou Google Play Store oubyen sou App Store, li disponib ni pou telefon iPhone ni pou Android. Oubyen ale sou Instagram.com
Etap 2. Enskri tet ou sou li. Swiv tout sa yo mande ou yo, pran san ou pou kapab byen ranpli kazye yo.
Pran swen ou pou ou byen chwazi yon non itilizatè ki defini antrepriz ou an. Jeneralman, se toujou non antrepriz la menm oubyen non mak la menm. Men ou ka metel nenpot lot fason, depi li defini epi li idantifye antrepriz lan.
Pa egzanp, kont instagram nou an ki dedye spesyalman pou fotografi, li rele [shot_by_graphart].
Etap 3. Janbe nan yon kont pwofesyonel.
Klike sou PROFIL ou epi ale nan PARAMÈTRES yo. Klike sou COMPTE oubyen ale nan PASSER À UN COMPTE PROFESSIONNEL si se sou odinate ou ye.
Seleksyon ENTREPRISE epi swiv enstriksyon yo pral bay ou yo.
Ou ka sezi si mwen diw 4 GWO AVANTAJ mwen te dekri anlè a, yo pa sel avantaj yon kont pwofesyonel sou instagram ofri vre.
Le ou kreye yon kont pwofesyonel pou antrepriz ou sou instagram, ou pral genyen aksè a kek fonksyonalite byen spesifik ki ap ede ou anpil. Tankou :
*Instagram Insights : se yon fonksyon ki pèmèt ou jwenn statistik pou ou analize pefomans stratégie marketing ou an, pou ou konnen ki enpak piblikasyon ou fè, ak lot anko.
*Instagram Ads : Se yon opsyon ki pèmèt ou fè piblisite sou Instagram. Yon piblisite kote wap gen posibilite pou ou sible yon piblik byen defini.
*Instagram Shopping : Se yon opsyon ki enpotan anpil pou biznis online yo. Li pèmèt ou ajoute yon katalog pou produit ou yo epi ou gen posibilite pou ou tag produit sa yo nan piblikasyon ou yo.
*CTA : Se yon fonksyon ki rele Call-To-Action, li vle di Appel À l’Action. Le yo klike sou bouton sa a, yo ka rele ou direkteman, yo ka voye mesaj bay ou sou Instagram oubyen sou whatsapp ou, yo ka voye yon email bay ou oubyen tou ou kapab montre wout pou yo swiv pou yo kapab vini nan biznis ou an. Tout sa yo depann de fason ou te aktivel lan.
*Swipe Up : fonksyon sa aktive sou instagram ou lè rive nan 10.000 abone. Li bay ou posibilite pou ou ajoute yon lyen (link) nan stati instagram ou.
Nan pwochen atik la, mwen pral pale ou sou fonksyonman instagram. Mwen pral eksplike ou kijan « algorithme » instagram lan li menm li fonksyone. An atandan pwochen piblikasyon nou, pa ezite kontakte nou sou whatsapp nan +509.4273.0353 pou nou kapab ede ou kreye yon kont instagram pou biznis ou si tout fwa ou pa genyen tan pou sa.
NELSON ERNSLY,
CEO de l’agence GRAPHART Design.
Graphiste / Photographe professionnel.
Business Manager.
Comentários