top of page
Rechercher

KOMAN INSTAGRAM FONKSYONE AN REYALITE.

Photo du rédacteur: GraphartDesignGraphartDesign

Avan ou we koman pou ou defini yon strateji efikas sou instagram, ann gade ansanm koman « algorithme » instagram lan fonksyone.



Menm jan avek tout lot platfom, algorithme instagram lan toujou ap evolye. Se jis yon fason pou li kapab amelyore eksperyans nou sou li. Men malgre sa nou ap jwenn kek bagay ki poko prèt pou yo chanje :


1- Fil aktyalite an baze sou konpotman itilizatè yo.


Nan fil aktyalite yo, sa nou rele TL la (Timeline an anglè), piblikasyon yo pa paret nan lòd yo te pibliye a vre. Men yo paret selon fason itilizatè yo konpote yo devan piblikasyon sa yo.

Plis yonn nan abone ou yo reyaji anba yon piblikasyon ou, se plis li ap genyen chans pou li we lot piblikasyon ou ap genyen pou ou fè yo.


2- Angajman an plis konte.


Tout moun ka gentan imajine Instagram privilejye piblikasyon ki genyen plis like avek plis komantè yo. Men anrejistreman yo konte tout. Dayè, instagram bay ou posibilite pou ou anrejistre yon piblikasyon nan achiv ou pou ou kapab rejwenn li nan pita.


Se pou sa wap we anpil antrepriz oubyen enfliyansè toujou ap mande abone yo pou yo kapab anrejistre piblikasyon an si piblikasyon sa te genyen kek konsèy, enfomasyon enpotan oubyen titoryel ladan.


3- Instagram bay enpotan selon tan ou pase sou piblikasyon an.


Menm jan avek LinkedIn, Instagram analize kantite tan yon moun pase sou piblikasyon ou an jis pou li kapab kalkile enpotan piblikasyon an. Se pou sa, malgre enpotans imaj yo genyen sou instagram, teks yo vin Komanse enpotan anpil tou.


Microblogging lan vin tounen yon eleman enpotan nan stratégie de contenus sou rezo sosyal instagram lan. Li pa enposib pou ou jwenn kek antrepriz transfome yon senp piblikasyon nan yon atik pou blog telman yo bay enfomasyon ladan.



Nan pwochen atik la, mwen pral pale de 6 KONSEY GRATIS POU OU KAPAB GENYEN PLIS ABONE SOU KONT PWOFESYONEL INSTAGRAM OU An. Mwen pral eksplike ou kek metod ou kapab mete sou pye pou ou rive atire plis abone. An atandan pwochen piblikasyon nou yo, pa ezite abone ou a newsletter nou an pou kapab resevwa atik yo le yo fenk soti, epi kontakte nou sou whatsapp nan +509.4273.0353 pou nou kapab ede ou kreye yon kont instagram pou biznis ou si tout fwa ou pa genyen tan pou sa.


NELSON ERNSLY,

CEO de l’agence GRAPHART Design.

Graphiste / Photographe professionnel.

Business Manager.

Posts récents

Voir tout

Comments


J'envoie parfois des newsletters

Merci de vous avoir abonné à notre newsletter

© 2022 Designed by NELSON ERNSLY | GRAPHART DESIGN AGENCY

bottom of page