KISA PERSONAL BRANDING LAN YE E POUKISA LI ENPOTAN POUW DEVLOPEL LAKAY OU?
- GraphartDesign
- 15 févr. 2021
- 2 min de lecture

Nou tande pale de branding souvan, oubyen senpleman IMAGE DE MARQUE. Men eske nou te konnen branding lan valab pou yon moun tou antanke pèsòn, se pa selman pou yon pwodwi oubyen sèvis? Lè sa nou relel personal branding.
Personal branding oubyen image de marque personnelle lan se fason oubyen metod ou rive mete tet ou an avan e an valè gras a nouvo zouti dijital yo.
Menm jan ak nenpot mak ki egziste, chak grenn nan nou se yon MAK pou tet nou. Nou genyen yon repitasyon nap jere. Kit li bon kit li pa bon : Repitasyon an reyalite (In Real Life), epi Repitasyon sou internet (e-reputation).
Nan yon mond ki an plen evolisyon, kote tout bagay ap eseye pran devan lot, kote mond travay lan ap evolye chak jou, menm nan zafè renmen epi frekantansyon, e-réputation ak branding personnel lan enpotan anpil. Kit se nan nivo sediksyon, oubyen nan mond travay lan oubyen nan komès.
Nou poko janm ale sou Google tape non nou oubyen non yon moun nou rekonet? Na dim sa nou wè.
Yè ankò lavi tout moun te prive, jodia tout bagay aksesib a tout moun. Eske nou te konnen aktyelman anpil antrepriz fè rechech sou ou avan yo angajew?
Personal branding lan konsiste nan jere imaj pèsonèl ou sou internet lan (e nan vi piblik ou tou).
Objektif personal branding lan se pèmèt ou devlope yon imaj ki ale ak valè ou bay tèt ou, ak objektif ou vize nan lavi an e sitou pouw pa rate okenn opòtinite pwofesyonel.
Anfen, yon bon imaj merite pouw toujou ap travay sou li. E se sa ki personal branding lan : byen veye sou tèt ou, sou imaj wap veyikile an, sou idantite ou, pouw kapab gen kontwol sou sa kap di sou ou epi sa yo panse de ou.
Ou pap ka konstwi personal branding ou nan yon jounen, ni nan yon semaine. Se yon travay ki merite pèseverans, e sitou konesans teknik.
Siw se yon figi piblik tankou politisyen, avoka, atis, mannken, antreprenè, oubyen yon senp sitwayen ki ap panse pou demen, GRAPHART DESIGN | BRANDING ET E-MARKETING kapab edew jere image de marque personnelle ou. Whatsapp nou nan +509.4273.0353 oubyen 3612.5724
コメント