KENZYÈM KONSÈY SERYE POU OU KAPAB FÈ BIZNIS OU AVANSE 15/15
- GraphartDesign
- 6 mars 2021
- 1 min de lecture
Nou rive nan kenzyèm konsey nan seri 15 konsèy nou te deside pibliye pou pèmèt antreprenè yo jere antrepriz yo pi byen. Sa vle di dènye konsèy lan. Objektif lan se te yon konsèy chak jou e nou felisite ou dèske ou rete swiv konsèy yo chak jou. Sa pa vle di nou pap kontinye pataje konsèy avek ou.

15. Kreye yon website profesyonèl oubyen yon blog epi ranfose imaj ou
Chwazi yon bon modèl pou website oubyen blog ou an ki pral kreye egzakteman pou ou reponn a bezwen tout aktivite pwofesyonèl ou ap antreprann yo.
Sa ap fasilite aksè a produit oubyen sevis antrepriz ou ap bay la. Pa bliye tou se imaj ou ki defini idantite a antrepriz ou an.
Se imaj de mak ou an ki detemine koman kliyan ou yo wè epi konprann mesaj ou ap fè pase yo.
Nan optik sila, li esansyel pou ou byen koulè ofisyel ou yo, stil ekriti ou yo, logo ou an epi itilize yo nan pi bon fason ki posib la sou blog oubyen website ou an (Menm nan paj rezo sosyo ou yo).
Mete aksan an patikilye sou paj akèy blog oubyen website ou an !
Se paj sila yo pral plis vizite sou blog oubyen website ou an, li dwe absoliman efikas epi atiran pou ou kapab ensite vizitè yo pou yo rete pi plis sou li.
_________________________
Ou kapab komanse chanje bagay yo nan biznis ou an depi konnya, nou ap kontan ede ou kreye yon blog oubyen website pou antrepriz ou an, wap benefisye kontni pou yon mwa, kontakte nou !
Comments