top of page
Rechercher

ATIRE PLIS KLIYAN SOU OU GRAS A MAKETING KONTNI

  • Photo du rédacteur: GraphartDesign
    GraphartDesign
  • 3 juil. 2021
  • 3 min de lecture

Maketing kontni an kòmanse fè gwo siskè depi bon kèk ane. An angle yo rele li Content Marketing oubyen Marketing de contenus en fransè.


Maketing kontni an fè pati inbound marketing lan. Se yon nouvo teknik maketing ki pèmèt ou atire kliyan. Gras à internet, ansyen metòd pou atire kliyan yo pa vrèman fonksyone ankò. Konnya tout mou nap chèche atire kliyan vin jwenn yo olye yo ap kouri dèyè kliyan sa yo. Yo rive fè sa gras a yon metod ki rele maketing kontni oubyen content marketing.



Antanke antrepriz, ou ta renmen demake ou de konkirans yo epi amelyore vizibilite ou ? Konkirans ou an pa genyen yon site internet, li pa genyen yon blog, li pa pibliyen okenn kontni ? Se pi bon ou ! Se yon bon mwayen pou ou pran avans sou konkiran sa yo.


• FÈ DIFERANS LAN GRAS A MAKETING KONTNI.

Daprè sa Hubspot di, maketing kontni oubyen content marketing lan, se yon strateji maketing ki repoze sou kreyasyon epi difizyon kontni ki genyen valè, ki itili, ki bay bon jan enfòmasyon pou ou kapab rive kominike avek piblik ou an epi atire plis vizibilite sou ou.

Maketing konteni an fè pati yon lòt metòd maketing ki rele Inboud Marketing. Depi bon kèk tan, maketè yo remake mòd strateji maketing sa atire plis kliyan pase ansyen metòd maketing yo. Maketing kontni an ap pèmèt ou genyen plis trafik sou paj ou yo epi li ap pèmèt ou jwenn plis moun ki enterese a sèvis oubyen produit ou yo.

Fòk ou ta pibliye kontni yon fason ki regilye, sa ap pèmèt ou ogmante popilarite ou epi kliyan ou yo ap genyen plis konfyans nan ou. Se yon bon fason pou ou fè diferans lan pa rapò a lot konkiran ou yo.

• GRAS A MAKETING KONTNI AN, KLIYAN YO AP VIN JWENN OU.

Pou kòmanse, kreye yon espas blog andedan website ou an. Oubyen kreye yon blog tou senpleman, menm jan ak sa wap li konnya la. Se yon platform stratejik pou kliyan ou yo, paske se la yo pral swiv aktyalite ou yo epi gade sa wap regle chak jou.


Fòk ou pibliye atik ki enteresan pou kliyan ou yo epi pataje yo sou paj rezo sosyo ou yo oubyen sou whatsapp, sa ap pèmèt ou angaje kominote ou gentan kreye an.


Fòk ou prezan preske tout bon, men nan bon kote yo. Nan blog ou an, pale de sa ou konnen, de domèn aktivite ou yo. Ou dwe konprann si moun yo vini sou website ou an, se pou yon kapab dekouvri kontni ki genyen rapò ak domèn ou an egzakteman. Kidonk, ou pa ka kreye yon blog mizik, pouw ap poste dosye politik sou li, sof si se yon blog mizik ak politik.


Yon lòt bagay ankò, fòk ou konnen kilè pou ou pibliye. Gen yon bagay nouvo ki ap pase nan sektè ou an ? Pa rate okazyon sa pou ou pale de sa kap pase a. Sou rezo sosyo yo, siveye nan kilè kominote ou an plis konekte epi pibliye kontni egzakteman nan moman sa yo. Strateji kontni ou an pi efikas !

Ou gentan konprann, avan tout bagay, li enpotan pou ou byen fè website ou an, fòk ou byen swanye paj rezo sosyo ou yo avek bèl imaj ak vizyel. Si piblik ou an renmen sa yo wè a, yap plis enterese al wè sa ou ap ofri yo.

• MAKETING KONTNI AN SE YON STRAJI A LONG TERME.

Kreyasyon kontni an se pa yon bagay fasil ni se pa yon bagay ou pral fè Jodi pou demen. Tout moun ta renmen jwenn rezilta rapid vit nan sa yap kreye yo, men Strateji Maketing Kontni an se yon bagay ki pran tan. Fòk ou regilye, fòk ou atantif anpil.

Apre kèk semèn ou tap pibliye kontni, fè yon premye bilan pou ou analize rezilta ou yo. Itilize kèk aplikasyon, kèk zouti internet pou ou kapab mezire trafik ou yo. Analize sa ki fonksyone yo epi gade sa ki kapab amelyore yo. Apre yon bon ti tan, antrepriz oubyen aktivite ou an pral kòmanse pran popilarite e plis moun pral kòmanse vizite ou. Se lè sa ou pral komanse benefisye avantaj yo.


Men ou dwe konprann, maketing kontni sa ap byen fonksyone sèlman si ou genyen yon referans natirel pou kontni sa yo (Yo rele sa SEO – Search engine Optimization). Pa neglije SEO an, sinon pou granmesi ou ap travay. Se gras a SEO an moun yo ap ka rive jwenn website oubyen blog ou an lè yo ap chèche li sou Google.

______________________________________ Nou kapab ede ou kreye bon kontni pou blog oubyen website ou yo.

Pa ezite kontakte nou sou whatsapp nan nimewo sa : +50936125724 oubyen sou nenpot paj rezo sosyo nou yo.

Nou genyen yon plan strateji pou 2 mwa ki ap enterese ou anpil.

 
 
 

Kommentare


J'envoie parfois des newsletters

Merci de vous avoir abonné à notre newsletter

© 2022 Designed by NELSON ERNSLY | GRAPHART DESIGN AGENCY

bottom of page