DIZYÈM KONSÈY SERYE POU OU KAPAB FÈ BIZNIS OU AVANSE 10/15
- GraphartDesign
- 1 mars 2021
- 2 min de lecture
Seri 15 konsèy nou te deside pibliye pou pèmèt antreprenè yo jere antrepriz yo pi byen, rive nan nevyèm piblikasyon li. Objektif lan se te yon konsèy chak jou.
E pou nevyèm konsèy la, nou deside fè li yon jan pi long pase lot yo paske li enpotan anpil.

10.- Devanse konkirans lan.
Konkirans lan se tout biznis, tout antrepriz ki ap evolye nan menm sektè avèk, ki ofri menm sèvis oubyen produit avèk ou.
Se yon obligasyon pou ou genyen yon konkiran oubyen yon advèsè. Li enpotan anpil pou antrepriz lan kapab viv pi lontan epitou pou li kapab byen devlope. Nan nenpot sektè aktivite ou ye an, fok ou genyen kek konkiran.
Ou pa oblije tann se konkirans lan ki fè yon aksyon epi pou ou pwofite de li. Li tap pi bon pou ou nèt si se ou ki kreye pwop avantaj konkiransyel ou. Men koman?
Ou kapab prodwi sevis oubyen machandiz ki mwens chè pase konkiran an, san ou pa diminye nan valè an. Lè konsa ou ap enpoze ou sou mache a nan ak pri ki atiran.
Ou kapab bay produit oubyen sèvis la yon valè ajoute pou kliyan, yon valè ki pa konsène ni pri an men ki konsène fason ou konble atant kliyan an te genyen an.
Pafwa, ou pa oblije fè twop inovasyon pou ou kapab rive kapte konfyans kliyan an, ou jis bezwen amelyore kalite sèvis kliyantèl ou pou ou kapab rive fè diferans lan fas a konkiran ou yo. Se yon bon mwayen pou ou devanse konkirans lan, paske menm si tout moun, tout antrepriz konnen konsèy sa, li difisil pou ou jwenn yonn ki byen li an pratik.
Koute. Sèvi ak fidbak kliyan yo. Kenbe pwomès ou yo. pa kite kliyan yo san repons. Montre yo senpati. Bay solisyon ki apwopriye.... Se anpil egzanp sou konpetans ke ou ka mete an plas nan aktivite ou an pou ou kapab ofri kliyan ou yo yon eksperyans eksepsyonèl.
Konsa wap rive devanse konkirans lan san gwo Problèm !
Comments