top of page

6 KONSEY GRATIS POU OU KAPAB GENYEN PLIS ABONE SOU KONT PWOFESYONEL INSTAGRAM OU

  • Photo du rédacteur: GraphartDesign
    GraphartDesign
  • 20 avr. 2021
  • 5 min de lecture

Apre ou fin kreye yon kont pwofesyonel pou antrepriz ou an sou instagram. Ou dwe fè tout sa ki posib pou ou atire yon piblik ki kalofye pou sa. Nan inik bi pou ou kapab rive atenn objektif marketing ou an. Men tou pou ou kapab Komanse itilize fonksyon Swipe Up la nan stati ou yo.



Genyen plizye fason ou ka pase pou ou rive atenn objektif sa yo :


1- Optimize espas biyografi ou sou Instagram ak plizye Link.


Nan yon vizyon marketing, inik defo instagram genyen se paske li pa bay ou posibilite pou ou poste yon adress (lien, link) nan piblikasyon ou ap fè yo kote wap kapab klike sou li. Menm jan avek Facebook oubyen Twitter. Ou ka toujou mete yon link ki rakousi, sa vle di li ap kout epi abone ou yo ap kapab sonjel fasilman pou yo tape li nan espas rechech sou navigatè a, men malerezman se yon opsyon ki pa anrejistre anpil vizit.


Chans pou ou, ou kapab mete yon link nan espas biyografi ou. Ou ka pwofite pou ou mete plizye link ladan gras a kek zouti tankou LinkTr.ee oubyen campsite. Zouti sa yo bay ou posibilite pou ou mete anpil lot link andedan yon sel link.


Si ou pa vle itilize zouti sa yo, ou ka toujou kreye yon paj sou website ou an kote ou ap mete tout link ou yo, epi se link paj website sa ou ap mete sou Instagram nan espas biyografi ou.


2- Defini yon liy editoryal ki divesifye.


Kle siksè a menm pou kont pwofesyonel instagram ou an se kreye yon kalandriye editoryal ki ap regroupe tout enfomasyon ou ap genyen pou ou pibliye yo pandan yo nonb de tan byen defini. Wap pwofite mete moman nasyonal enpotan yo, moman entenasyonal yo, moman fèt yo avek moman ki enpotan nan aktivite ou an.


Gras a vizyon global, ou ka divesifye tèm ak foma ou ap itilize yo. Li ap enpitan pou ou si ou konnen kisa piblik ou an plis renmen epi mete metod an plas pou ou kapab satisfè yo.


3- Trouve a ki lè abone ou yo plis konekte.


An jeneral, pi bon moman pou yon moun pibliye sou Instagram se bo 11h AM pou 1h PM, oubyen bò 7h PM pou 9h PM. Men se pa yon bagay ki fonksyone pou tout moun.


Pa egzanp, yon antrepriz B2B ka rive jwenn plis angajman la semaine lè abone li yo nan travay. Aloske yon antrepriz B2C dwe tann apremidi net oubyen nan week-end lè abone li yo nan moman repo.


Map bay ou 2 konsèy pou ou konnen kilè pou ou pibliye :


Premyeman, ou ka senpleman teste ! Pibliye bagay ou yo nan nenpot lè pandan jounen an epi wap we ki jou ak ki lè ki po enpotan pou ou selon fason moun yo reyaji ak sa ou pibliye an.


Dezyemman, itilize statistik instagram yo. Ou ap jwenn yon grafik ki endike ou jou abone ak lè abone ou yo plis aktif yo.


4- Plis privilejye koyerans lan pase frekans lan.


Fok ou regilye nan piblikasyon ou yo sou instagram. Sa enpotan anpil anpil. Sa pa vle di pou ou ap plede poste yon bagay chak 10 ou 15 minit ni li pou ou pataje kek grenn mesaj rapid rapid epi pou yo pa wew pandan plizye jou oubyen plizye semèn.


Pwofesyonel instagram yo rekomande nou pou nou pibliye pou pi piti 3 fwa pa semaine. Tankou pa egzanp, sou paj Instagram ajans lan, nou pibliye le lendi, mekredi epi vandredi. Men sa pa anpeche nou pibliye stati nenpot jou nan semèn lan.


Menm si FREKANS piblikasyon ou yo depann de aktivite wap regle an avek preferans abone ou yo, men li preferab pou ou kenbe yon KOYERANS nan kalandriye editoryal ou an. Sa vle di ou dwe pran yon randevou regilye pou ou vin poste sou instagram epi respekte randevou sa.


5- Itilize marketing an tan reyel gras a stati yo.


Sou instagram, nou rele yo Stories. Men ou ka di stati tou (menm jan avek Whatsapp) si ou vle.


Stories instagram yo enpotan anpil nan marketing an tan reyel. Yo bay ou opotinite pou ou mete yon piblikasyon an avan oubyen pou ou ranfose kominikasyon ou. Yo rapid epi yo fasil pou pibliye, se pou sa nou ka di yo ofri yon sèten souplès nan plan marketing ou an.


Men yon lot kote, stati instagram yo bay opotinite tou pou atire plis angajman gras a kek fonksyon pou ou fè sondaj, Quizz yo, kesyonè yo, oubyen menm compte à rebours yo.


Depi avan ou lanse yon nouvo produit, ou ka itilize stories yo pou fè yon étude de marché epi aprann konnen abone ou yo pi byen.


Kontrèman a piblikasyon ou ap fè nan fil aktyalite instagram ou an (sa nou renmen rele TL la), ou ka fè plizye piblikasyon pandan yon jounen san li p paret deranje okenn moun.

Yon antrepriz ki fè 5 piblikasyon sou stati yo nan yon jounen, genyen posibilite pou yo atire vizibilite sou yo jiska 70% nan abone yo.


6- Analize pefomans yo an fonksyon ak objectif ou yo.


Avan ou ale nan analize statistik ki gen rapo avek strateji instagram ou an. Li enpotan pou ou konnen poukisa ou sou instagram. Li enpotan pou ou defini objektif global ou instagram. Kisa ou ap atann de instagram.


Si ou vle devlope notoriété antrepriz la, ou dwe konsantre ou sou :

Ki kantite abone ou yo

Ki kantite enpresyon ou fè nan piblik ou an

Ki kote piblikasyon ou yo rive (an palan de peyi ak vil)

Ki kantite angajman ou genyen anba piblikasyon ou yo


Si objektif ou se te pou ou te vann plis, ou oral bezwen analize :

Ki kantite moun ki klike sou link ki nan bio ou an

Ki kantite moun ki klike sou CTA ki paret nan piblisite ou yo

Ki kantite moun ki klike sou bouton aksyon ki nan profil ou an

Ki kantite taux conversion instagram lan ye.


Si objektif ou se kreye yon kominote epi fidelize kliyantel ou an, ou pral genyen pou ou analize :

Ki kantite komantè ou genyen

Ki kantite repons ou genyen anba piblikasyon ou yo

Ki kantite anrejistreman ou genyen

Ki kantite views ou genyen nan stories yo

Epi taux d’engagement an.


Ou gentan konprann, yon kont Instagram pwofesyonel pou antrepriz ou se yon pot ou louvri pou ou vann plis, pou ou kreye lyen ak kliyan ou yo, pou ou ogmante notoriété antrepriz lan, pou ou anbeli imaj antrepriz lan epi rive atenn objektif marketing ou yo.


Atansyon !

Ou dwe konprann kreye yon kont Instagram pwofesyonel pou antrepriz pap sifi pou li menm sel pou mete antrepriz ou a nan yon nivo pi wo ke sa. Ou dwe entegre li nan yon objektif ki baze sou Inbound Marketing ki pi laj.


An atandan pwochen atik nou an, pa ezite kontakte nou sou whatsapp nan +509.3612.5724 pou nou kapab ede ou kreye yon kont instagram pwofesyonel pou biznis ou si tout fwa ou pa genyen tan pou sa.


NELSON ERNSLY,

CEO de l’agence GRAPHART Design.

Graphiste / Photographe professionnel.

Business Manager.

Comentários


J'envoie parfois des newsletters

Merci de vous avoir abonné à notre newsletter

© 2022 Designed by NELSON ERNSLY | GRAPHART DESIGN AGENCY

bottom of page